Lapolis nan depatman Sid peyi a fouke yon endividi ak yon fo zàm

1,589

Jameson Louis 01/16/2022

Kavayon______(TRiboLAND) Lapolis nasyonal nan komin Kavayon, depatman Sid peyi a mete men nan kolèt Gaspard Jean Erick ki gen 37 lane sou bra tèt li nan moman PNH la tap kondwi yon tchèk pwent.

Lapolis nasyonal nan komin sila jwenn nan valiz Jean Erick ki se moun Baradè yon fo zàm krizokal.

Aloske, Jean Eric tap sikile sou yon motosiklèt ak tout akolit li. Konsa, malerezman lòt endividi a jwenn chans chape poul li.

Pou fini, nan dènye mwa sa yo, kòmandan an chèf polis nasyonal la Frantz Elbé deplwaye tout taktik li nan lide pou kwape sangwen epi mete anba kòd tout endividi ki vle simen latwoublay nan mitan popilasyon an.

Comments are closed.