Edikasyon: koreksyon egzamen bakaloreya, pwofesè yo mande touche atò

451

12\17\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Depi plis pase yon mwa edmi, egzamen 9e AF, Filo ak BAK Pèmanan yo bout atravè peyi Dayiti. Tout rezilta deja pibliye. Tout elèv 9e AF ki te pase nan egzamen sa yo e ki ale nan Nouvo Segondè I, ap fin konpoze lendi k ap 21 desanm 2020. Kanta elèv Filo yo, sa nou rele Nouvo Segondè IV la, ap prepare PRE – FAC yo pou yo sa rantre nan Inivèsite mwa Janvye 2021 an k ap vini an alòske pwofesè ki te anboche nan siveyans ak koreksyon egzamen sa yo pako touche yon goud nasyonal .

Kowòdonatè depatmantal UNNOH Ki se Inyon Nasyonal Nòmalyen Ayisyen, nan rejyon Nòdwès la, Pwofesè Clavel Gélin, denonse otorite nan edikasyon nasyonal la, li di ki kontinye meprize sistèm edikatif ayisyen an. Selon pwofesè Clavel Gélin, li nètman enposib aprè yon mwa edmi koreksyon pou ni siveyan ni korektè pako touche yon goud nasyonal .

Kowòdonatè UNNOH branch Nòdwès la, pwofesè Clavel Gélin, di l swete otorite konsène yo peye korektè sa yo, ki se pa yon favè y ap fè yo, nan moman fèt fen lane yo, pou anpeche pi ta pa pi tris!

Saint Jean Wiskis



Comments are closed.