Lapolis nan Pòdpè prezante devan laprès youn nan puisan chèf gang ak 2 lót prezime bandi sangwen Sen Lwi Dinò

495

12\13\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Lapolis nan Pòdpè, nan kad yon konfersans pou laprès jounen lendi 14 Desanm 2020 sa a, prezante bay laprès Joseph Jhonley alyas “Pèsiste,” 29 lane, youn nan puisan chèf gang ki te jwenn arestasyon’l nan vil Pòdpè nan dat 8 desanm 2020 pase a. Bandi sangwen an te fouke nan moman 2 gwoup gang t ap twoke kòn yo pou gen kontwòl Zón Chalmay Péralt ak Dè Letan ki se 2 katye popilè nan vil Pòdpè.

Fòs lòd yo ki t ap chèche pran kontwól sityasyon an, te rive mete men nan kòlèt Joseph Jhonley alyas “Pèsiste,” yon kondane ki deja pase 9 lane nan prizon daprè pòt pawòl polis Nòdwès la, enspektè Joseph Léonel.

Yon lòt kote, lapolis nan vil Senlwidinò arete Wanleyson Mortimer, 19 lane ak Lacroix Kenweley, 20 lane, kite blese ak bal yon polisye ki kantone anndan komisarya vil sa a epi k ap resevwa swen nan yon lopital, toujou selon pòtpawòl polis Nòdwès la ki kontinye ap mande popilasyon an bourad pote kole ak denonzyason tout zak bandi yo ap komèt nan katye yo. Li reyitere volonte Direksyon depatmantal Polis la pou ede Nòdwès pase yon bon fèt fen dane.

Saint Jean wiskis



Comments are closed.