Jovenel Moise ap miltipliye yon latriye travay enfrastrikti nan Nòdwès peyi a

413

12\07\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan yon depatman kote ke povrete kwaze pye’l depi dig dantan, prezidan peyi a, Jovenel Moise mete projektè sou Nòdwès yon fason pou miltipliye travay enfrastrikti prensipalman nan Ba Nòdwès.

Nan mwens pase 2 semèn, Jovenel Moise deja efektye 3 voyaj nan Mòl Sen Nikola, ki apènn sot komemore “la dekouvèt” ak patron “Sen Nikola.” Antouka, nan mitan anbyans fèt sa ki pràl kontinye avèk 8 desanm, fèt patronal Pòdpè, Imakile Konsepsyon, yon gro tonton “Ferry” debake nan Bè Mòl Sen Nikola ak yon pakèt gro ekipman ou materyèl enfrastrikti ki pral simaye wout ki kapab relye diferan komin ba Nòdwès yo.

Antouka, prezidan repiblik la, pa sispann miltipliye prezans li nan Nòdwès peyi a. Li te adrese’l yèswa sou plas Katedral Imakile Konsepsyon an, devan yon latriye moun. Jovenel swete wè travay enfrakstrikti pou leve eskanp figi depatman an vanse avèk anpil agresivite. Li anonse prochen festivite kanaval nasyonal peyi a pràl foule sòl site Kapwa Lamò pou premye fwa nan istwa peyi a!

Comments are closed.