Daprè OMS, Ayiti pral resevwa vaksen san li pap peye anyen!

237

12\06\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Vaksen, vaksen se sa ki fè deba yo atravè planèt la nan jou sa yo akoz propa gasyon kovid-19 la kap vale teren ak yon dezèm vag ki deja pote ale yon krèy kretyen vivan.

Selon òganizasyon mondyàl sante, (OMS),  Ayiti ap gen priyorite kòm peyi ki pi pòv nan rejyon Karaib la ki pral jwen yon stock vaksen san bay senkòb chada. Yon parèy sèvi anvan antre nan egzijans ou mekanism Covax la ki chita sou “distribisyon ekitab,” daprè Jarbas Barbosa, sekretè adjwen Oganizasyon panamerikèn sante a.

Nap raple, divès peyi kolekte lajan yo ansanm nan pote kole pou sove rejyion Karaib la; sepandan, akoz kondisyon enfra imèn Ayiti, li pral premye premye peyi ki pral resevwa vaksen gratis e avan tout lòt peyi nan Karaib la ak Amerik Latinn nan.

Comments are closed.