Kowonaviris fèmen bouch Radyo Tele Kiskeya

332

Pòtopwens____(TRiboLAND) Direksyon Jeneral Radyo Tele Kiskeya anonse jodi Mèkredi 27 me 2020 sispansyon pou yon ti bout tan emisyon yo nan kad pwevansyon, dapwè Marvel Dandin ki tap depose sou FM 88.5 FM nan pandan bout jounen an.

Liliane Pierre-Paul ansanm avèk kòkòday li Marvel Dandin, ki se 2 gwo pwa lou enstitisyon Radyo Tele Kiskeya e 2  jounalis chevwone pami mèyè jounalis atravè peyi Dayiti, estime se yon desizyon responsab. “Li nesesè pou pwosede ak dekontaminasyon espas la menm avan ke nou  rapouswiv avèk emisyon nou yo”, dapwè Mesye Dandin ki konfime ke gen yon manm ki fè pati staff enstitisyon an ki pral plase an katòzènn.

Nap fèmen pou yon ti bout tan, men nou vle sèten ke estasyon feraye kòm sa dwa nan mèyè kondisyon sekiritè ak sanitè posib”, dapwè PDG radyo a.

Comments are closed.