Liberasyon Dr. David Télémaque

271

11\30\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan yon video kap fè aviwonn dede rezo sosyàl yo, anpil moun ki te nan enkyetid soulaje lè yo wè Dr. Télémaque avèk fanmiy li kote ke yo tap selebre liberasyon; e li retounen jwen pròch li yo sen e sof san grafriyen nan samdi 28 novanm 2020 an aprè sekestrasyon.

Anpil mobilizasyon te deja an mach pou reklame liberasyon medsen an. Etidyan medsen tout kalite te deja pran beton an e yon sitiyasyon protestasyon kont kidnapping ki ta pral okazyone yon ajan PNH tire yon etidyan nan figi.

Yon krèy enstitisyon medikal te deja anonse yon seri arè travay pou reklame san kondisyon liberasyon Dr. Télémaque ki vini yon reyalite jodi a.

Comments are closed.