“Echo International Organization, Inc.: yon nouvo strikti òganizasyonèl ki deja ap fè eko

408

11\30\20

Fort-Lauderdale, Floride____(TRiboLAND) Si genyen moman ki pi vital pou atisyen leve kanpe pou ede lòt konpatriyòt lakay fè jefò atravè resous adekwat pou reponn ak bezwen kominotè yo, moman pou fè kolòn ak eko a, se koulya. Se nan kontèks sa yon group kàd ayisyen ki prouve konpetans yo nan yon latriye domènn, sitou nan milye ameriken an, inisye yon strikti òganizasyonèl ki pote non “Echo International Organization, Inc.,” yon espas ki dekoule de yon modèl check and balances. 

“Echo International Organization, Inc.,” ki nan yon premye tan te fè prèv konpetans atravè yon seri aktivite ou fòmasyon sosyo-kiltirèl ak spò nan vil Jan-Rabèl, koulya vle elaji chan visyon li ki kapab ganranti yon pi bon demen ak transfòmasyon lakay sitwayen ayisyen an. Anplis, EIOI dote de yon misyon iminan, li angaje li nan kreyasyon opotinite, bay jarèt ak pwogrè ki dirab e asire yon ekonomi djanm nan divès kominote ayisyèn kap malmennen. Nan atribusyon misyonè li, otorite konpetan EIOI yo pa sispan reyitere volonte ak detèminasyon yo pou devlope yon krèy resous ki ra, disponib, abòdab e ki kapab sèvi kominote ki méprize yo atravè edikasyon, sante, richès, teknoloji, kilti, ak siksè.

Depi inisyasyon ou rekonstitisyon li 7 fevriye 2020 dènye pou yon koz ki pi laj, kàd ou ekspè detèminan tout kalite EIOI yo ki, majorite nan yo se pitit komin Jan Rabèl, vle artikile yon demach de yon gouvènans soutni ak onèt. Konpetan sa yo ki deja franchi divès inityativ, notamman yon projè teknolojik ekipe ak computè ki pa lwen pou materialize e ki pràl reponn ak yon seri bezwen granmoun fanm ayisyèn yo ap fè fas ni deyò ak anndan peyi Dayiti. Twa lòt projè ki egalman ap etidye se: yon Laboratwa medikal nan komin Jan Rabèl; ranfòsman ou promosyon edikasyon anfantin; ak promosyon ou pilotaj disiplin spò “Ping-Pong nan anndan peyi Dayiti.

EIOI an tèm yerachik, ap feraye ak divès Gran Toryan Fondatè ak yon Board Director ki gen nan tèt li, Chairman Rosny Auguste ak yon chèn egzekitif ki genyen nan tèt li, Claudine Petit-Homme Philor, CEO.  Se yon òganizasyon ki pa lukratif; li chita sou yon seri aks profesyonèl ki gen pou wè avèk check and balances ki vital pou yon kilti finasyè onèt ki kapab promote konfyans, transparans, ak prodiktivite. Syèj sosyàl EIOI trouve li nan Florid, Etazini.

Konsa, nan sousi pou entrodwi tèt li a gran piblik la, EIOI ap mete sou pye yon program “lansman ofisyèl” dimanch 27 desanm prochen nan Legliz Saint Malachy ki nan 6100 John Horan Teràs, Tamarac Florida, 33321. Pou enfòmasyon nesesè osijè EIOI, kontakte nou nan telefòn 954-510-9018 oubyen email nou. (echointorginc@gmail.com).

Comments are closed.