Imigrasyon dominikèn: yon seri nouvo dispozisyon

208

11\29\20

Dezòmè, tout vwayajè kap sòti ou antre an Repiblik Dominikèn ap gen pou soumèt anba yon seri nouvo dispozisyon. Sa se nòt Anbasad Repiblik Dayiti ki nan Repiblik Dominikèn k’ap atire atansyon konpatriyòt yo sou sa.

Nan yon nòt sikilè Anbasad la ki date 27 novanm 2020, “tout vwayajè dominiken oubyen etranje apati 29 novanm 2020 ap gen pou obligasyon ranpli yon fòmulè elektronik antre ak sòti an Repiblik Dominikèn pou ladwann dirèkteman an liyn.”

Fòm lan disponib sou sit eticket.migracion.gob.do, daprè sa ki di nan nòt la.

Comments are closed.