Plizyè enstitisyon eskolè prive foule sòl komin Senlwidinò nan okazyon fèt drapo nasyonal la.

186
0
Share:
TRiboLAND

05/15/2026

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Plizyè enstitisyon eskolè miks nan komin Senlwidinò pran lari ak drapo brandi a pa kadanse ki anonse yon avangou selebwasyon egzistans bikolò ki reprezante inyon nwa ak milat yo pou erije yon nasyon lib e souveren ki te declare yo pat sèvi domestik kolon kriminèl atoufè ankò.

Se te yon klima anbyans, kontantman ak fyète nasyonal pou komin Sendinò. Pou anpil moun li te trè espesyàl e enpresyonan enpresyonant pou vil la. Se premye fwa yon latriye lekòl prive arive mete yon parèy bemòl avangou avan menm fèt drapo a. Pami lekòl patisipan yo, ou jwen : Labergerie, Siloé de Desgranges ak Tourne Sol, pou site sa yo sèlman.

Antouka, jodi vandredi 15 me 2026 la, lari Senlwi te anpenpan; defile fanfa t’ap vale teren, alòske bikolò a t’ap paweze anba kout piston, tanbou, twonbòn yon jenès avèti e detèmine ki fè fyète ras ayisyènn nan.

Share:

Leave a reply