Ven jounalis pewouvyen mouri nan kovid-19

349

Lima___(TRiboLAND) Asosyasyon Nasyonal Jounalis (ANP) anonse jodi madi 2 jwen 2020 an ke genyen yon total ven jounalis ki arive mouri nan kovid-19 pandan dènye semènn pandemi an nan Pewou.

“Rive pou 1 jwen, kantite kòlèg ki gentan mouri anba kovid-19 la estime a 20,” dapwè deklarasyon Zuliana Lainez, secretè egzekitif ANP a. Kèk nan jounalis yo arive atrape kowonaviris la nan kouvwi yon pakèt fwaye enfeksyon tankou mache, lopital, e latriye. “Yo ale kote sa yo avèk mas ki fèt lakay,” se sa Lainez tap esplike pandan lap denonse fèb mwayen pwoteksyon ke konfwè sa yo ap fè fas.

 “Kantite jounalis ki mouri nan kowonaviris la, konfime bezwen ijan ki genyen pou panche sou ratman pwoteksyon sanitè ak pwekarite pwofesyon an,” dapwè repwezantan an.

Peyi Pewou se dezyèm peyi nan Amerik Latenn nan ki pi fwape anba pandemi an, apwè Bwezil ki genyen apepwè 170.000 ka e 4,600 mò.

Comments are closed.