Ansyen batonye Bawo Pòdpè a, kritike movèz fonksyonman rezo telefonik yo nan Nòdwès peyi Dayiti.

1,349

Mèt Job Louis, kritike sèvis piyajè, koupe kou, konpayi Telefonik Natcom ak Digicel ap delivre nan depatman Nòdwès la.

05-28-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon li rann piblik sou kont Facebook li, ansyen batonye lòd avoka yo nan Bawo Pòdpè a, Mèt Job Louis, fè konnen “si Ayiti te yon peyi kote lalwa tap aplike Digicel ak tout kòkòday li Natcom pat gen dwa rete nan figi moun toujou”.

Ansyen batonye a, itilize fraz sa a, pou fè konnen sèvis konpayi sa yo ap itilize pa bon ditou. Pou Mèt Job Louis, Leta ayisyen ak 2 konpayi sa yo, se 2 marasa ou byen pwason kraze nan bouyon. Kat pa ka rete sou telefònn kliyan yo, yap vòlò kòb moun sou telefònn, yap ogmante sèvis yo san founi okenn esplikasyon alòske dirijan ayisyen reselè yo rete bouch be.

Plede anfavè yon sèvis kalite, ansyen batonye a, Mèt Job Louis, fè konnen pa gen lòt fason poun sove anba men sousèt ou eskanmòtè sa yo, se fè apèl ak yon lòt konpayi telefonik pou vin sove popilasyon ayisyèn nan, patikilyèman moun Nòdwès.

Comments are closed.