Lee Kun-hee, prezidan “Samsung Electronic” mouri
10\25\20
Sewoul____(TRiboLAND) Nèg ki reyèlman rich la nan Kore Disid, ki te arive transfòme konglomera a ke papa l te kite pou li nan ane 1980, an yon veritab anpir elektronik mondyal, mouri jodi dimanch 25 oktòb 2020 an.
Malgre se te pitit li Lee Jae-Yong ki finalman tap jere konpayi Samsung lan depi 6 lane, konglomera a te arive modifye e devlope yon krèy ekstansyon ki te toujou anba kontròl Lee Kun-hee tankou: otèl, endistri, konstriksyon pak atraksyon, asurans e latriye. Entrepriz Samsung lan, pou tèt li sèlman reprezante yon senkyèm PIB Kore Disid.
Lee Kun-hee te fè objè de yon pakèt skandal ak kontwovès ki te gen pou wè avèk frod fiskal ak neglijans sou lwa travay nan kèk izin. Li kite dèyè pitit gason li ki se Alatèt mega konpayi Elektronik Mondyal la “Samsung” e 2 pitit fi li ki pran kontròl branch otelye yo ak lòt antrepriz.
Comments are closed.