Yon avyon marinn amerikèn kraze nan yon zòn rezidansyèl nan Alabama, touye 2 ekipye

278

10\24\20

Foley, Alabama____(TRiboLAND) Yon avyon marin amerikèn ki tap fè training legetè kraze nan yon zòn rezidansyèl nan Alabama vandredi 23 oktòb 2020 la nan aprè midi, touye 2 ekipye ki te abò.

Aksidan avyon T-6B Texan II a arive fèt nan zòn vil Foley vè 5:00 nan aprè midi, nan lè lokal, daprè yon nòt ke Marin Amerikèn mete deyò  , kote ke yo ekate tout posiblite daga sivil.

Sepandan, responsab fòs marin yo chwazi pa revele non marinye yo ki te abò avyon an; konsa, yo espere fè sa nan prochen 24 èd tan yo.

Aparèy la tap vòltije depwi Baz Naval Whiting Field nan Florid, daprè yon rapòtè fòs Marin nan. Vil Foley lokalize l a anviwon 40 kilomèt Foley.

Fòs Marin Amerikèn nan, nan tèt kole avèk Depatman Defans deja ap envèstige aksidan an, daprè yon tweet ke Biwo Sheriff Kontre Baldwin nan fè sòti.

kredi foto: Anne Owens/US Navy

Comments are closed.