Trump ap gen pou vote nan Florid an pèsòn, pandan ke Biden ap nan yon rally kanpay nan Pensilvanya

266

10\24\20

Wachenton____(TRiboLAND) Prezidan Etazini an, Donald Trump ap gen pou vote an pèsòn nan West Palm Beach, Florida avan yon seri rally kanpay nan 3 gro eta pwa lou, daprè sa Reuters rapòte jodi samdi 24 oktòb 2020 an.

Kandida Demokrat la, Joe Biden ap gen pou pran lapawòl nan yon seri drive-in rally nan Pensilvanya, yon eta ki gen anpil enpòtans pou 2 kandida yo.

Nan yon espas de 10 jou avan eleksyon 3 novanm yo, genyen 53.5 milyon sitwayen Ameriken ki deja vote, e se yon rekò ki pa janm fèt depi plis pase yon santèn lane, daprè U.S. Elections Project.

Ane dènye Presidan Trump te transfere anrejistreman dwa vot li ki te nan New York a rezidans pèmanan li nan Florid, yon eta pwa lou ki gen pou detèmine re-eleksyon li. Osito li finn vote, Donald Trump ap gen pou al patisipe nan plizyè rally tankou nan: Karolinn Disid, Wiskonsin, ak Owayo.

Alòske Joe Biden gen nan agenda li pou patisipe nan rally nan Kontre Bucks nan Nò Filadèlfi ak Kontre Luzèn, lye nesans Scranton, daprè medya lokal yo.

Dènye poll Reuters ak Ipsos yo montre ke kandida Demokràt la genyen yon 4 pousantaj avans sou candida Repibliken an, Donald Trump.

Comments are closed.