Lansman ofisyèl egzamen Bakaloreya: plis pase 119, 287 kandida alinye

248

10\19\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Plizyè direksyon depatmantal ministè edikasyon nasyonal mobilize pou lansman ofisyèl egzamen Bakaloreya pou 2019-20 , yon ti bout tan aprè modifikasyon kalandriye eskolè a ki te deja nan pasay.

Selon responsab yo, plis pase 119,287 kandida alinye (filo tradisyonèl, NSCAT, ak Rekale), san konte plizyè santèn suveyan deja ogadavou. Evalyasyon candida yo pral fèt apati yon respons transvèsal an fonsyon kou ratrapaj yo ki te delivre atravè chak depatman (program konpetans minimal ak program minimal), daprè otorite edikasyon nasyonal yo.

Pou responsab yo, candida yo pa supoze anba enkyetid kwak seswa. Se yon kesyon ki konsène tout kouch nan peyi; li dwe deroule nan serenite ou tèt frèt. Mezi yo deja anplas, alòske plisyè sant egzamen deja resevwa materyèl rekiz yo; mezi sanitè yo aplike avèk rigè sitou sa ki gen pou wè avèk paramèt distansyasyon sosyàl yo pou fasilite prosesis evalyasyon an.

Angro, se yon veritab mobilizasyon pou pase anba eprèv yon popilasyon aprenan ki tribuche anba iregilyè nan yon peyi kote edikasyon ap galbende ak kriz tout kalite.

Comments are closed.