Pwezidan ameriken an, Joe Biden detèmine pou libere misyonè ameriken yo ke bandi kidnape nan peyi Dayiti

181
0
Share:
TRiboLAND

10/26/2021

Wàchennton_______(TRiboLAND) Kontak pa sispann miltipliye, FBI debake ap fouye zo nan kalalou, otorite ayisyen fini wè mò nan fè bwàs, otaj misyonè ameriken yo ki nan men gwoup gang sangwen 400 Mawozo yo kòmanse ap rale plizyè jou ap mal mennen anba konstènasyon, pandan ke non minis jistis ak enteryè ayisyen site kòm yon pwezume kidnapè. Konsa, anpil moun pa wè klè!

Sepandan, selon sa jounal Miami Herald nan Florid rapòte, konseye sekirite nasyonal amerikèn an, Jake Sullivan sètifye ke pwezidan Joe Biden kontinye ap enfòme chak jou osijè sitiyasyon 16 otaj ameriken yo ak yon sitwàyen kanadyen ki fè pati Christian Aid Ministries nan Ohio, nan Etazini.

Maison Blanche, dapwè journal ameriken an, pa ekate posiblite pou itilize plizyè lòt zèl kàt yon fason pou libere otaj yo.

Pwezidan Joe Biden montre anpil angajman ak sousi pou otaj yo, patikilyèman pou sa yo ki pipiti. Li reyèlman enterese wè ke chak sitwàyen ameriken sa yo antre lakay sen e sof”, dapwè Sullivan ki tap depoze. Konsa, li

Biden otorize deplwàman yon kontenjan fòs espesyal ameriken pou al libere otaj yo anba grif “Lanmò San Jou” ki ta sanble ap konte jou.

Share:

Leave a reply