Yon moun blese nan yon atak men ame ki fèt nan yon sukusal Sogebank nan Lathan

236

10\14\20

Pòtoprens___(TRiboLAND) Nan yon nòt ke li fè sòti jodi mèkredi 14 oktòb 2020 an, SOGEBANK konfime brakaj anndan sukusal konpayi a ki nan Lathan sou wout nasyonal numero 1 an.

Antouka, selon responsab SOGEBANK yo, ajan sekirite yo te gentan pran akè e kliyan yo te kouri refijye anndan biwo a kote ke pluzyè kolaboratè SOGEBANK yo te pote lamen fòt. SOGEBANK deplore zak malonnèt sa, e rasure fidèl kliyan yo ke sekirite yo se premye priyorite konpayi a.

Brakaj sangwen an ki rive nan sukusal bankè a, lakoz 2 viktim pami yo genyen yon moun ki blese nan janm, daprè foto ki tap sikile sou rezo sosyàl yo.

Comments are closed.