Ouwagan Dorian touye 5 moun nan Bahamas dapwè Premye Minis Hubert Minnis

0 385

Ouwagan Dorian, ouwagan ki pi tèrib ke Bahamas pa janm konnen touye omwens senk moun nan zile Abako yo, dapwè Minis Hubert Minnis deklare jodi Lendi 2 Septanm 2019.

“Nou nan mitan yon veritab trajedi istorik nan plizyè rejyon nan Nòdwès Bahamas”, selon Minnis nan yon konferans pwès.

Premye Minis Bahamas, Hubert Minnis ak konfere sou Ouwagan Dorian, 2 Septanm 2019

Dorian te ateri avèk yon estati kategori 5 sou lil Gran Bahamas ayè Dimanch swa, kraze bwize sou tout sa li jwenn sou wout li: kay, batiman e kite yon pakèt sitwayen de bwa balanse.

Koulya li devni yon kategori 4 e li kontinye ap wonfle nan divès zile ki an malmakak. Ekspè metewolojik yo anonse lap vanse danjerezman sou Florid pita aswè-a kote gen plizyè milyon Ameriken ki anba evakyasyon mandate.

Leave A Reply