Delma 40 B: bandi sangwen yon lòt fwa ankò tante asasine ansyen senatè Nenel Cassy

210

02/03/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Kenold se non yon militan pwòch senatè anpeche Nenel Cassy pran yon bal nan Delma 40 B lòske 2 machin bandi ki pa idantifyàb abò yon Toyota Prado ak Nissan Patrol ouvè zàm sou machin senatè depatmantal Nip lan nan sware mèkredi 3 fevriye 2021 an.

Plizyè moun ki te abò blese pami yo Kenold, yon militan politik arive pran yon bal nan figi ki kèk ti tan aprè oblije al pran swen nan yon lopital nan kapital la.

Pou senatè Cassy, yon parèy zak pa lòt bagay sinon ke mannèv entimidasyon pouvwa sangwen an ki soti pou ilimine moun kap mande depa Jovenel Moise 7 fevriye pwochen.

Sa pa gen lontan pouvwa te pwosede ak arestasyon senatè an nan Miragwàn sou yon seri akizasyon san nannan.

Comments are closed.