Pòdpè: Kominote De La Salle yo selebwe 300 ane egzistans yo nan lemonn

0 483

PODPE__ (Triboland) 7 Avwil 1719 – 1 Avwil 2019 sa fè jou pou jou 300 lane depi ke Congregasyon Kretyènn Jean Baptiste De la Salle te pwan pye, frè sa ki te youn pami tout gwo pèsonaj kanonize ke denominasyon katolik-la pa janm konnen. Ki donk, Pape Francois te oblije mete chapo ba devan zèv sasèdosal potorik frè sa, lòske li te konsidere yon ane jibile pou La Salle. Yon ikonn ki te chwazi ekate-l de tout pozisyon privilejye, e ki te bay tèt li kòm misyon pou pwopaje edikasyon kretyènn pou timoun piti, atizan avèk moun afè pa bon.

Kominote Frères des Ecoles Chrétiennes ke sen Jean Baptiste de La Salle te fonde gaye atravè lemonn, espesyalman nan Nodwès peyi Dayiti. Misyonè sa yo ki edike anpil pitit tè Desalinn lan kontinye andepi pwoblem ke yo jwenn, pa dekouraje fè tout sakrifis posib pou satisfè sa yo ki nan bezwen pedagojik ak spirityèl.

Se pwèske tout kominote De La Salle nan depatman Nòdwès la ki te prezan jodi 7 Avwil la nan Katedral Notre Dame de Fatima pou te selebwe 300 ane (trisantenè) egzistans depi enstitisyon Frères des Ecoles Chrétiennes yo ap fòme ti moun, atizan, ak tout sa yo ki nan nesesite nan tout bout kwen nan lemonn.

Nan alokusyon li, Pè Rudolph Baltazar te enimero dives kalifikatif ki te fè De La Salle yon endividi ke planet la pap janm bliye: Fondatè Frè Lekòl Kretyènn, Fondatè lekòl Nòmal, Gwo pedagòg, Renovatè extrawòdinè nan ansèyman. Pou te bay De La Salle anpil respè, Pap Jean Pòl Pie XII te pwoklame 15 Me 1950 kòm Patwon pou edikatè timoun ak lajenès.

Seremoni: 300 lane egzistans, Freres des Ecoles Chretiennes, Podpe

Pè Baltazar te rapouswiv pou-l di, Jean Baptiste De La Salle pandan li pwal mouri sou kabann li, dènye pawòl selèb ke li te pwononse anvan li mouri se te: “Mwen apresye tout konpòtman BonDye anvè-m.” Sa ta vle di ke La Salle te konplètman satisfè ak tou sa BonDye te vle fè ak lavi li; e li pat regret absoluman anyen.

Konsa anpil gwo seremoni te make 300 ane jibile sa-a nan Fatima. Bèl konpozisyon pèfòmans dans ak koral te blayi anpil kè kontan. Pat gen kote pou pike epeng. Tout De La Salyèn ak Salyènn yo te eksprime satisfaksyon yo pou yon jounen ki te byen deliver e ki te mete tout moun sou anbyans e ranfòse detèminasyon yo nan kontinye avanse ak eritaj sakre De La Salle la ki edike yon pakèt milyon moun atravè lemonn. Jodi-a Ecoles Chrétiennes Saint Jean Baptiste de La Salle ap fonksyone nan 77 peyi e yo dispanse kour nan anpil lekòl, kolèj, lise, inivèsite ak sant fòmasyon.

Leave A Reply