Muscadin simen muskàd:  yon bandi sangwen tonbe yon lòt fwà ankò nan Miragwànn

174
0
Share:
TRiboLAND

06-14-2022

Miragwànn, Ayiti_____(TRiboLAND) Si nou ta vle kwè dènye revelasyon jounal alyin “radiographie”, komisè gouvènman Miragwàn nan, Jean Ernst Muscadin vide yon lòt fwa ankò muskàd sou bandi sangwen kap simen dèy nan popilasyon ayisyèn nan.

Enfòmasyon yo fè eta yon bandi ki pote non Jean Simon alyas “Krèk kòk” ki tap opera nan lokalite Difori nan komin Leyogann pran nan muskad nan moman li tap tante travèse lizyè Miragwànn byen bonè nan maten vandredi 10 jwen 2022 a.

“Krèk kòk” pran nan ratyè muskàd nan moman li te al pantan sou yon patrouy sekirite pakè vil Miragwànn an ki genyen nan tèt li komisè Muscadin. Konfwontasyon! Konsa, rezistans yo pat pran chè ditou ditou, alòske “Krèk kòk” mouri ak  yon gro Uzi latwoublay nan men li.

Yon lòt bandi pran nan nas muskàd nan Miragwànn, tankou jan chèf JEM te anonse l.

Share:

Leave a reply