Ansyèn anbasadris Etazini a nan peyi Ayiti, Pamela White deklare se sèl yon nouvo KEP, yon konsansus ak dyalòg ki kapab fasilite òganizasyon eleksyon yo.

361

03/13/2021

Wachennton_____(TRiboLAND) Ansyèn anbasadris peyi Etazini an, Pamela White rete kwè ke pa genyen yon bon anviwonnman pou òganizasyon eleksyon yo nan yon peyi Dayiti ki antòtye nan yon maras.

 Se dènye  pozisyon ansyènn diplomat la ki tap entèvni devan komite Afè Lòt Bò Dlo nan Chanm reprezantan Kongrè ameriken an vandredi a 12 màs 2021 an. Mrs. White ki abitye avèk teren politik ayisyen an, deklare li pa wè ki kote Ayiti pràl pase pou mete sou pye yon eleksyon. San fè wout pabwa, diplomat la estime ke pa genyen yon klima ki pwopis ki kapab fasilite leksyon nan peyi Dayiti ane sa.

Pamela White deklare ke peyi Dayiti nan koma avèk yon fyèv fwiksyon ki enstab ak vyolasyon dwa moun, vyol fuziyàd, ensekirite nan yon latriye domèn tankou 4 milyon abitan ki ap naje nan ensekirite alimantè e san konte masiv aktivite kidnapping kap moute balkon; anplis, yon sistèm judisyè ki an malmakak, pa genyen palman e se sèlman 1,7 milyon kàt sou 2.8 milyon kat electoral ki enstans konsène yo arive delivre.

Konsa, “Mwen kwè ke tout enstitisyon yo pa anplas pou yon tranzisyon djòl loulou,” daprè ansyèn anbasadris pey Etazini an nan peyi Dayiti ki se Pamela White ki t’ap depoze.

Li estime ke sete yon erè grav bò kote egzekitif la lè li te deside voye jete tout bank done kat electoral avan yo. Pamela White ale plu lwen, lè li evoke egzistans yon Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) loray kale ki fèt dèyè do lalwa e ki trouve li jounen jodi a nan nan agoni pou li jwen benediksyon Kou Kasasyon. Se yon KEP ki fòme san reprezantan legliz ak opozisyon an.

Nan mitan ma d lo ak ma swife peyi Dayiti trouve’l la, Pamela pwopoze gouvènman Jovenel Moise la “dyalòg”, kòm yon pasaj oblije kote ke Jovenel Moise dwe fè bwàs pou mennen sou tab negosiyasyon diferan aktè konsène yo e fè chwa yon Premye Minis ke moun respekte ki pa soti ni nan sektè politik ak pwive a.

Madam White pwopoze egalman, se kraze plat atè KEP la e ranplase li avèk yon lòt KEP ki reflete apwobasyon tout lòt sèktè ki konsène. Mete yon nouvo KEP sou pye, yon gouvènman konsansus ak dyalòg, se tout etap sa yo ki endispansab avan òganizasyon eleksyon nan peyi Dayiti, daprè ansyen diplomat la.

Comments are closed.