Grandans referandòm ak eleksyon jeneral : Konsèy elektoral pwovizwa a, enstale 3 manm biwo referandè elektoral

255
0
Share:
TRiboLAND

03 – 05 – 2025

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad posesis avansman pou realize referandòm ak eleksyon jeneral yo, direktè kabinet prezidan Konsèy Elektoral Pwoviswa a, enjenyè Pierre Paul André, enstale 3 manm biwo referandè depatmantal yo kap genyen pou misyon òganize eleksyon jeneral pou depatman Grandans lan.

3 manm yo, kise pwofesè Almay Dorestant prezidan, agronòm Bantou Rose F. Evashnah, vis prezidant ak mèt Antime Bien Aimé. Pandan prestasyon sèman ak enstalasyon an, konsène yo pwomèt pou respekte Konstitisyon an ak dekrè lwa elektoral la.

Diferan reprezantan sektè nan sosyete sivil Grandans lan, ak otorite etatik ki te prezan nan aktivite yo. Yo swete 3 manm biwo referandè ak elektoral sa yo, respekte pwomès yo anvè sosyete a ke yo reprezante nan estrikti elektoral la ki pou depatman Grandans lan. ‎

Share:

Leave a reply