Pakè Pòtopwens convoke plizyè responsab lekòl pou ogmantasyon abizif frè eskolè yo

0 323

Pòtopwens__(TRiboLAND) Se demen Vandredi 23 Dawou-a pakè Pòtopwens envite apepwè 4 responsab lekòl pou venn bay esplikasyon pou dap piyanp ogmantasyon yo fè sou frè eskolè ane adademik 2019-2020 la, dapwè yon sous jidisyè.

Depi kèk tan, moute frè eskolè chak ane anndan peyi-a venn “la grande mode”. Dirèktè ak direktris pa sispann deliberamman pwofite feblès striktirèl, administratif ak òganizasyon parantal ki pa genyen nan peyi-a pou egzije paran yo yon seri sèvis biton, ki pafwa pa menm egziste

Konsa, sou envitasyon komisè gouvènman Paul E. Villard, plizyè dirèktè lekòl fòse pwan randevou ak pakè Pòtopwens la, yon fason pou yo al reponn plent divès paran depose kont yo akoz konpòtman abizif yo sou ogmantasyon frè eskolè yo.

Pami enstisyon ki jwenn lèt envitasyon yo, ou jwenn: Kolèj Bird, Natacha Dorcé; Enstitisyon akademik kretyènn, Gina C. Lassegue; Enstitisyon “Fille de Marie”, Sè Myriam Dorelien; ak Enstitisyon Saint Louis de Gonzague, Reveran Valmir Dabel. Komisè gouvènman Villard ki vle fè apèl avèk Lwa Kely C. Bastien an, kritike nan fason abizif anpil enstitisyon akademik apwofite fè bè sou do paran nan yon moman siyasyon ekonomik la ap degrade. Li pwomèt pou bay responsab enstitisyon sa yo sanksyon ke lalwa pwevwa pou zak malonèt la.

Leave A Reply