Pi gro gang notwà ki tap tripote popilasyon Lakwà Sen Jozèf la dekapite

660

10-02-2022

Madlon, Pòdpè____(TRiboLAND) Moun ki te leve kouri kite Lakwà Sen Jozèf pou gro tonton chèf gang Eric Prospère, ap retounen lakay yo avèk anpil kontantman aprè yo te apran lanmò sangwen an aswè dimanch 2 oktòb 2022 a.

Eric Prospère ki te mete an defi otorite leta yo, kongregasyon relijyez ak divès lòt group gang advèsè, te parèt toupwisan nan yon pwen li te genyen kontròl Lakwà Sen Jozèf nan pla men li.

Antouka, yon sous ke TRiboLAND kapab fè konfyans, konfime lanmò Eric aprè ke yo fin dekapite li nan yon program ki tap dewoule nan zòn Menvyèv ak Nan Madlon ki localize a kèlke kilomèt vil Pòdpè.

Advèsè Eric yo ta sanble pran tèt koupe a kòm prèv, e se sa ki fasilite yon pakèt moun ki te dezète retounen lakay yo.

Nap raple, nan dènye jou sa yo, se prèske chak semènn yon chèf gang tonbe nan Nòdwès peyi a.

Comments are closed.