Gwo rafal van ak lamè twouble sakaje divès tikay ak kannòt nan Bouchi Twa Rivyè

0 544

Twa Rivyè/Pòdpè___(TRiboLAND) Soti lannwit 25 desanm nan, moun kap viv nan zònn Bouchi Twa Rivyè nan Pòdpè pase yon move moman anba gwo rafal van ak furè lanmè ak lapli. Dega yo pa piti: divès kay bò lanmè a ki konstitye baz komès zangi a ki se inik debouya pou popilasyon kap eseye suviv kraze anba kolè lanmè a ki tap bay payèt; kannòt pechè yo kraze, eskabo fann an de, anpil file disparèt, daprè enfòmasyon TRiboLAND arive rekeyi bò kote prezidan zangi nan bouchi a ki se Bonhomme Emile, alyas “Tisenou.”

Pi lwen, Mesye Emile ki se pwesidan Asosiyasyon Bouchi a (APDE) pote yo demanti fòmèl kont rumè ki ta vle fè kwè gen divès moun ki ta mouri nan Bouchi a pandan move tan sa ki boulvèse seryezman. Sepandan, li pa ekate tou yon latriye domaj ke pechè zanki yo anrejistre swa nan kannòt bwote al kraze e plizyè tikay ki tap kraze plat atè.  Mesye Emile deklare ke se bò Bouchi a li abite e si te genyen moun mouri li tap gentan konnen. Li kontinye pou li di ke pechè yo pat anmezi pou yo te al peche nan sware 25 lan; plizyè nan yo te rete fete ak li!

Antretan, nan lòt bò bouchi a ki se Nan Kann, bouch alèlè ki pa vle non yo site, fè eta de yon kannòt ki koule ak 2 fi e 3 gason; sepandan rumè yo ta deklare ke se 2 gason sèlman ki sove alòske lòt yo pòte dispari. Fenomènn zangi a ki se inik reveni sibzistans pou yon ti pòsyon nan popilasyon Nòdwès la, pa sispann kreye konfli ant pechè nan Bouchi ak pechè ki soti Latòti kap chèche yon ti lòsyè kichòy.

 Kidonk, plizyè nan pechè yo denonse otorite leta a ki pa ofwi oken ankadreman; konsa, yo estime ke yo ap bourike pandan lanwit nan labou e pi pou chwàl ka galonnen. Anplis, gen otorite ki menm nan konfyolo ak kèk lòt pechè kap fè abi ni nan Bouchi ak nan Kann. Yo enplike nan mare sosis yo kap fe egzasyon e menm arive bat yo ak kout baton. Sa pa gen lontan plizyè moun asasine alòske otorite yo rete bwa kwaze san fè absoluman anyen.

Tout sa mande yon regulasyon san fòs kote ki kapab evite gwo batay san pwesedan (ant pechè Latòti ak pechè nan Bouchi) nan aktivite zangi a, ki se inik ti mwayen pou yon ponyen moun ki pa sispann naje nan malsite nan depatman Nòdwès la.

 Antretan, van pa sispan soufle, alòske pechè yo sou kanpe lwen pa pwoche annatandan sa mache pou divès malere ki pa sispann peche zangi nan fè nwa sou gwo tonton eskabo nan lanmè.

Jean Herold Etienne, TRiboLAND

Leave A Reply