Jamaik: Yon jènn antrepwenè lanse yon biznis netwayaj adomisil

0 313

JAMAIK__(TRiboLAND) Pandan anpil moun ap bay dèyè yo de tap yon fason pou retire tèt yo nan chomaj, yon jènn fi nan Sent Ann, nan Jamaik pwan inisyativ antrepwenè pou kòmanse yon biznis netwaye ou menaj adomisil. Se ka Kimayia Britney James ki itilize tout ti kraze li te genyen pou mete sou pye KBJ, Sèvis Netwaye Kay ak Biwo ki plase kòl nan Ocho Rios kap sèvi moun nan zònn avwazinant ki nan Sent Ann ak Sent Mary.

Kimayia alatèt yon ekip èd menajè kap travay pou KBJ

Kimayia ki kòmanse biznis lan Avwil pase, esplike inisyativ la te pwan jarèt nan yon moman li te lakay e li pa tap travay. Konsa, li tap panse plizyè fason pou li kreyativ yon fason pou-l chèche genyen yon objektif e bay tèt li yon bagay pou lavi-l. Konsa, avèk ti moso eksperyans ke li te genyen, li vinn deside pwan abilite sa-a nan yon lòt nivo. Avèk konviksyon ak konfidans li te bay tèt li, li te reyèlman kwè ke yon sèvis netwayaj adomisil ap ka pwan jarèt pa rapò ak kantite moun ki te reyèlman nan bezwen pou li.

Kamayia esplike, kòmanseman yo pat fasil, men tipa tipa ak gras Bondye li bay pou-l rete anlè dlo jiskaske KJB pwan jarèt. “Se yon pwosès ki mande pasyans chak jou. Anplis, fè pwomosyon KJB pat osi fasil pou fè chak jou; men kalite sèvis-la pèmèt kliyan yo pwomote biznis lan bouch an bouch”, dapwè Kimayia.

KBJ genyen yon staff ki gen apepwè 3 èd menajè ki gen anpil eksperyans e ki apwouve nan netoyaj pwofesyonèl. Ekip la ofwi sèvis tankou: netwayaj nan kay, nan ofis, lasiv, ak repasaj. Ms. James espere elaji biznis lan sou plan nasyonal, ogmante sèvis yo, yon fason pou anrole plis travayè ki nan chomaj.

credit photo (KBJ): Carl Gilchrist

Leave A Reply