Mòn Gran Jil nan Okap kraze an miyèt moso ti lòsyè wout dekoupe te toujou fasilite kèk machinn Gran Nò fè ti va e vyen

388
1
Share:
TRiboLAND

12 – 08 – 2024

Okap, Ayiti_______(TRiboLAND) Wout dekoupe ke fòs fènwà fòse yon latriye machinn tonbe fè detou pou al pase Mòn Gran Jil nan Okap pou ale Sen Rafayèl pou al kandale desann Dondon, kraze an miyèt moso aprè yo gwo eboulman tè ki men anpeche pyeton ak motosiklèt jwen pasaj.

Sitiyasyon sila okazyone anwo pa moute ak anba pa desan, kote ke menm kap tante pase apye kapab arive tonbe nan falèz. Eboulman tè Mòn Gran Jil la paralize aktivite komèsyal abitan yo ki te deja kiske vi yo nan Lavale Lamò kote malè pandye sou wout lavi yo chak jou ki jou.

Siyasyon machinn kap fè detou pou sove po yo anba bouch zam gang kriminèl san sal yo, te deja yon ma swife, alewè koulya pa genyen ti wout dekoupe sa yo ankò, ki te konn pran anpil machinn nan gran Nò yo pase plizyè jou sou wout. Abominasyon, se yon veritab dràm anviwonnmantal pou yon repiblik ki alagoni.

Share:

1 comment

Leave a reply