Popilasyon Kafou a fwape pye l pou mande liberasyon Wolf Hall

300

10\24\20

Kafou____(TRiboLAND) Komin Kafou frape pye yo sou beton a jounen vandredi 23 oktòb 2020 an pou reklame liberasyon Wolf Hall kit e kidnape nan riyèl Alerte nan Pòtoprens, lendi 20 oktòb 2020 an.

Komin Kafou ki chofe e alafwa gen gro kè kase pou anlvman businessman Wolf Hall te defoule kolè yo lòske yo te erije barikad anflame an siy protestasyon kont yon parèy kidnapping. Pankàt tout kalite te nan men yo e yo tap egzije otorite leta a liberasyon Wolf Hall alyas “Wolfy” pitit propriyetè Titi Loto Bòlèt.

Alòske, chèf gang Matisan an ki se “Ti Lapli” te revandike anlèvman an sou yon emisyon e bat lestomak li dèske li genyen anba men l yon evantyèl kandida pou prochen lejislatif yo pou sikonskripsyon Kafou, daprè chèf sangwen an ki konfime ke Wolfy gen anpil lajan, yo menm, yo tou senpleman bezwen pòsyon pa yo egalman.

Comments are closed.