Jovenel Moise dekrete 3 jou dèy nasyonal pou rann omaj a Me Monferrier Dorval ki tonbe Lachman anba bal sangwen

324

Pòtoprens____(TRiboLAND) Asasina batonye Pòtoprens la, Me Monferrier Dorval artiste tout repiblik la. Se yon moun gran kilti. Yon gro pèt pou peyi a. Mwen vle prezante senpati mwen a lòd avoka Pòtoprens yo ak tout fanmiy ki afekte yo. Krim sa, menm jan ak yon pakèt lòt pap rete san pini”, se deklarasyon prezidan repiblik la, Jovenel Moise ki dekrete 3 jou dèy nasyonal an omaj asasina yon parèy sèvo ki pami mèyè gro kad yo nan peyi a.

Me Monferrier Dorval, batonye

Apati lendi 31 out 2020, bikolò a ap demi ma e tout estasyon radyo ap jwe mizik ki apropriye pandan 3 jounen dèy sa. Nan menm kontèks la, chèf Leta a te convoke yon reyinyon an ijans ak Konsèy Superyè Polis nasyonal la jodi samdi 29 out la nan objektif pou diskite ensekirite a.

Daprè yon tweet prezidansyèl, genyen yon arete ki soti pou deplwaman yon fòs mache pran ki pou al chèche ou deniche tout bandi kap mete dlo nan zye moun. “Fòk sa fini”. Yon deklarasyon ki sonnen trè fèm, men ki se yon déjà-vu pou anpil moun ki abitye tande teyàt sa yo bò kote pouvwa ke yo ta sanble deja bay responsab asasina Me Monferrier Dorval.

Dayè, nan yon entèvansyon ke ansyen senatè Steven Benoit te fè Radyo Tele Karaib nan emisyon “Ramase” jodi samdi 29 out la, li te rann pouvwa Jovenel Moise la responsab zak barbar sa ki arive fèt sou Me Dorval la.

Comments are closed.