Sou pwetèks pou bay mèsenè yo mounen pyès yo plizyè gwoup moun ap atake yon seri etranje Latino-Ameriken anndan peyi a

408

07/08/2021

Pòtopwens_______(TRiboLAND) Nan yon nòt ki pote paraf Protecteur Citoyen, Renan Hedouville ke e ki sòti jodi vandredi 8 jwiyè 2021 a, Office de la Protection du Citoyen (OPC) ki se yon strikti nasyonal endepandan kap fè pwomosyon dwà moun, mande otorite anplas yo pou yo mèyè pran men yo e jere dosye asasinay Jovenel Moise la an granmoun e avèk serenite.

OPC deklare ke li remake ke genyen laches kap fèt kont yon seri latino-ameriken anndan peyi a sou pwetèks genyen rechèch kap fè dèyè mèsenè ki responsab asasinay pwezidan defakto Jovenel Moise.

Nan sans sa, OPC lanse yon SOS bay sa yo ki fè tèt yo pase pou dirijan!

Comments are closed.