Depatman Sidès : 7 moun mouri, 2 machin polis ak yon sou komisarya boule nan katye Segen, komin Marigo

50
0
Share:
TRiboLAND

04 – 14 – 2026

Jacmel, Ayiti ____(TRiboLAND) 7 moun mouri epi 2 machin polis ak yon sou komisarya boule rapyetè nan katye Segen, komin Marigo, depatman Sidès peyi dayiti. Zak malonèt sila yo pase nan lannwit 13 pou louvri madi 14 avril 2026 lan, selon majistra enterimè komin Marigo a, Danneau René.

Devan sitiyasyon malouk sa a, majistra enterimè a, Danneau René mande direksyon jeneral enstitisyon polis la, pou aji rapid pou akonpanye sitwayèn ak sitwayen yo epi pèmèt tout aktivite yo repran’n nan kominote a jan sa te ye avan.

Antouka, sa kap devlope nan Segen jounen jodia, pa genyen bouch pou pale. Zak banditis yo sòti pou mete zòn Sidès tèt anba pandan yo ap leve kouri kite zòn Kenskòf kote ke yo pa kapab reziste anba atak fòs lòd yo.

Share:

Leave a reply