Ki sa ki esplike rezon ki fè lanmè a bese plat e lap seche nan Bakadè, komin Dame Marie nan Grandans?

437
0
Share:
TRiboLAND

Dammari, Ayiti_____(TRiboLAND) Anpil moun nan zòn Bakadè, nan komin Dam Mari genyen kè sote, lè yo remake ke lanmè a konplètman bese, yon fenomèn ki ta sanble bay lawouli ak laperèz.

Depi kèk jou, lanmè a nan komin Dam Mari, depatman Grandans peyi Dayiti, ap bese epi seche; fenomèn natirèl sila genyen anpil pou wè avèk chanjman klimatik, ki lakòz yon ogmantasyon oswa yon diminisyon nan nivo dlo lanmè a. Sa kapab esplike egalman sou yon ansanm aktivite imèn ki genyen enfliyans sou ekosistèm lanmè a.

Sa kap fèt nan Dam Mari a, pa yon aza! Li pa yon “Basse marée” ditou, kote nivo lanmè a pi ba nan sik li chak jou. Li fèt akoz enpak gravite lalin ak solèy sou nivo lanmè a. Basse marée rive de fwa pa jou, pandan faz bas la, fenomèn sila pèmèt moun jwenn aksè nan zòn ki souvan pifon anba dlo a.

Sepandan, lanmè a ap bese e seche nan zòn Bakadè, nan Dam Mari, se akoz faktè natirèl ak moun. Sa esplike petèt atravè yon seri konsekans: nan kantite lapli, evaporasyon rapid, chanjman klima, konstriksyon baraj oswa kanal ki chanje pakou dlo a, epi ekstraksyon twòp dlo pou agrikilti oswa endistri. Tout faktè sila yo kapab mennen nan rediksyon nivo dlo a, ki ka mennen lanmè a vin sèch oubyen redwi anpil.

Share:

Leave a reply