Nòdwès: Biwo Depatmantal Dignité la Pa Egziste, Timoun yo San Transpò Pou Ale Lekòl

10/21/2025
Depatman Nòdwès Ayiti a kontinye ap sibi neglijans, e youn nan pi gwo siy sa, se disparisyon total Biwo Depatmantal “Dignité” a. Biwo sa ki te jwe yon wòl enpòtan nan zafè transpò lekòl pou timoun yo, jodi a pa egziste ditou. Nou pa menm kapab lokalize plasman egzak li nan depatman an, sa ki montre neglijans ak mank vizyon otorite yo.
Biwo sa te gen yon misyon kle: jere Bus Dignité yo, ki te sipoze ede timoun ki gen difikilte pou yo ale lekòl, e soulaje paran ki pa gen mwayen pou peye transpò chak jou. Se te yon zouti sosyal enpòtan pou asire dwa timoun yo pou jwenn edikasyon. Men jodi a, ni biwo a, ni sèvis la pa fonksyone.
Twa Bus Dignité Kanpe San Itilizasyon
Nou konstate ak anpil lapenn ke twa bus Dignité ki te afekte ak depatman an pa fonksyònèl ditou. Yo kanpe, ap pouri, epi san okenn itilite. Se tankou recho tòl ki pa menm ka limen pou kwit manje. Sitiyasyon sa mete plis baryè sou chemen timoun ki oblije mache plizyè kilomèt chak jou pou ale lekòl. Gen anpil ki dekouraje, swa yo rate klas, swa yo abandone lekòl nèt.
Paran yo, ki deja ap lite ak mizè chak jou, oblije depanse ti lajan yo pa genyen pou voye timoun yo lekòl. Sa mete plis chay sou zepòl yo e agrave mizè ekonomik la.
Nap Mande Leta Pou Li Pran Responsablite Li
Depatman Nòdwès la se yon zòn ki deja viktim abandona Leta sou plizyè nivo: wout pa bon, lekòl andeyò pa gen materyèl, sistèm sante ap soufri… E jodi a, menm transpò lekòl, ki se yon dwa fondamantal, vin tounen yon ilizyon.
Leta dwe pran responsabilite li pou:
Reaktive Biwo Depatmantal Dignité la nan Nòdwès;
Ranje oswa ranplase Bus Dignité yo pou yo tounen fonksyonèl;
Garanti transpò lekòl pou tout timoun ki rete nan zòn ki lwen sant edikatif yo;
Mete estrikti solid pou asire suiv ak evalyasyon sèvis sa yo.
Pa gen devlopman san edikasyon. Pa gen edikasyon san aksè. Se devwa Leta pou mete mwayen transpò a la dispozisyon tout timoun, san distenksyon, kèlkeswa kote yo rete. Nòdwès se pa depatman dezyèm klas. Timoun Nòdwès yo merite menm sèvis ak tout lòt timoun nan peyi a.
✍🏽 Lesly Romond
Jounalis






