Direktè Depatmantal Agrikilti rejyon Nòdwès la mouri

291

Pòdpè____(TRiboLAND) Yon gwo kou pou Nòdwès, Agonòm Kerly Petitdieu mouri yè samdi 25 jwiyè 2020 an, vè 5 è aprè midi daprè enfòmasyon ki rive nan sal redaksyon TRiboLAND.

Agonòm Kerly Petitdieu, Nòdwès

Yon sous ki tou prè madanm Agonòm Kerly ta fè eta de yon malèz ke li tap plenyen pandan jounen samdi a malgre li te sou pye’l. Selon menm sous la, Agonòm nan te antre lakay li nan aprè midi al kouche. Li te rele madanm li ki te nan mache e fè li konnen ke li pa santi’l byen ditou, e l’ap mouri se akoz konesans li nan djòb ke li ye a.

Konsa, lè madanm Agonòm Petitdieu rantre ou sòti nan mache, li di li, “se ou menm mwen tap tann, paske mwen pa’t vle mouri dèyè’w; map mouri se akoz konesans mwen nan djòb ke mwen ye a”, finalman Mesye Petitdieu re le “Jezi, Jezi, Jezi”, e li trepase.

Sa pa gen lontan TRibolAND kouvri plizyè repòtaj sou yon seri repòtaj TRiboLAND reyalize sou travvay Agonòm Kerly Petitdieu swa nan Komen Basen Ble, Chansòlm e latriye. Yon seri atelye travay sansibilizasyon ak fòmasyon ki te vize pou chanje konpòtman plantè yo fas a kovid-19 la ki kapab gen repèkisyon sou fason ke plantè yo ap jere yon seri perimèt ki sou vale Twa Rivyè.

Kerly Petitdieu ki te yon òfelen, te arive pase anpil peripesi pou fè tèt li devni yon kad nan domènn agrikilti nan Nòdwès. Marye e kite dèyè yon timoun. Pou anpil moun ki te pròch ak defen an, li te toujou manifeste respè pou tout moun, onèt, e toujou bay entegrite priworitè sitou fas ak moun ki vle trenen’l nan kòripsyon. Agonòm Petitdieu te pase plis pase 4 lane kòm Alatèt direksyon depatmantal Agrikilti Nòdwès la. Anfen, yon lòt kad ki disparèt nan Nòdwès. Fòs ak kouraj pou rès fanmiy li, ke nanm li repoze an pè!

Nap raple, sa pa gen lontan yon group anplwayè depatman Agrikilti te antreprann plizyè seyans “sitting” devan biwo depatmantal ministè agrikilti Pòdpè a pou proteste kont aryere salè kronik ke Leta te dwe yo. Konsa, kèlke semènn aprè ministè konsène a te arive debloke fon pou reponn ak revandikasyon anplwayè protestatè sa yo.

Comments are closed.