Mach kretyen yo kont sisinaj ak frote moustache transfòme an manif kont pouvwa anplas la

404

Pòtoprens____(TRiboLAND) Yon latriye santènn milye kretyen achte lari Pòtoprens jodi dimanch 26 jwiyè 2020 an, pou rele chalbarik dèyè imoralite ki reflete nan dènye dekrè gouvènnman Jovenel Moise la sot pran ki gen pou wè avèk kod penal la.

Yon aktivite ki reyini yon latriye kouch kretyen deferan denominasyon, achte lari kapital la lajan kontan. Antonnman chan evanjelik nan yon anbyans misik adorasyon ak louanj fasilite defoulman kretyen yo pou eksprime dezakò yo anvè prezidan peyi a ki soti pou legalize libètinaj sisinaj ak frote moustach, relasyon zoofil, ak chanjman sèks ki menase pou fann lafamiy an miyèt moso.

Mach pasifik san bwi san kont sa, anba lobedyans “Vive La Famille” ki reyalize avèk sipò anpil òganisasyon kretyènn lan tankou Fédération Protestante d’Haiti (FPH), Conseil National Spirituel des Églises haitiennes (CONASPEH) san konte yon pakèt lòt, mande Jovenel Moise fè retrè sinon yap oblije mobilize chak jou san rete.

Youn pami Gran Toryan nan tèt mach la, se Pastè André Muscadin, Alatèt Legliz Shalom la; li pat manke fè chèf Leta konnen ke devwa’l se prokire manje, elektrisite, enfrastrikti, lojman, travay, edikasyon, olye vini avèk dekrè abolotcho kap vinn kòronpi kilti lakay. Pastè Gérald Bataille bò kote pa li deklare bay prezidan ke, “si ou deja pratike ensès, relasyon 2 sis kole, ak besyalite, sa se bagay ki regade’w, men pa vinn enpoze’l sou nou.

Nap soulinye, se yon manif ki te otomatikman pran yon figi anti-gouvènnmantal akoz prezans plizyè militan politik. Yo te profite denonse depresyasyon goud la kap pran lanm anba dola a, chomaj, ak lavi ki ekstrèman chè. Yo mande degèpisman chèf Leta a ki soti pou livre peyi ak djab. Yon manif ki pase san tèt kase e ki ta pral fini san bwi san kont nan kafou ayewopò!

Comments are closed.