Minis Spò avèk Jenès gouvènman PHTK a demisyone

299

Pòtoprens____(TRiboLAND) Nan yon lèt li soumèt Prezidan Repiblik la, Jovenel Moise, Minis Spò ak Jenès la, Max Attys prezante demisyon’l jodi 16 jwiyè 2020 an.

Yon demisyon ki vini kèk jou aprè ke Mesye Attys te denonse avèk anpil detay yon seri pwojè bidon (enfrastrikti spòtif) ki mal fèt ou byen ki pa janm fèt atravè Fon Petro Karibe a ki pase nan gagotaj. Yon seri pwojè ke pitit ansyen prezidan Martelly, Olivier Martelly te responsab.

Denonsyason Minis lan fas ak skandal kòripsyon sa yo, fè li parèt Gran e veridik devan sa yo ki toujou leve kont enpinite, kòripsyon ou dilapidasyon Fon Petro Karibe a, men leve egalman plim sou do yon pakèt gwo chabrak sispèk PHTK ki pa’t sispann reklame demisyon l.

Konsa, anpil moun estime ke genyen moun ki gen ti kal konsyans ak kouraj nan peyi a toujou; espesyàlman, sa yo ki pare pou denonse zak bwigandaj menm lè sa okazyone yo pèdi yon vye djòb.

Max Attys, ap antre gran nan istwa peyi Dayiti. Li denonse sa anpil Minis ak Sekretè Deta anndan PHTK asèpte vale, daprè refleksyon yon alye nan gouvènman Jovenel Moise la ki vle rete anonima.

Comments are closed.