Plizyè komenn nan Latibonit ak Nòdwès leve kanpe kont nominasyon ajan egzekitif enterimè yo

299

Gwo Mònn____(TRiboLAND) Plizyè komenn nan depatman Atibonit la ak Nòdwès leve kanpe pou proteste kon nominasyon ajan egzekitif enterimè yo. Li te byen bonè nan maten pou rive nan fen jounen an jodi mèkredi 15 jwiyè, popilasyon nan zònn Jan Rabèl, Ans Wouj ak Gro Mònn sa paralyze diferan wout entè-depatmantal.

Manifestan yo nan divès komenn te drese gwo barikad anflame yon fason pou degaje foustrasyon yo kont desizyon prezidan peyi a, Jovenel Moise ki deside rekondwi yon pakèt majistra ekspire ki ostil ak popilasyon yo e ki pa’t ditou fè prèf de yon bon jesyon.

Tansyon yo pandan jounen an, te plis chita sou Gwo Mònn, depatman Latibonit kote ke aktivite ekonomik e transpò yo pa’t kapab mòde. Protestatè yo te soti avèk bann rara ki ta pràl transfòme an veritab “sauve qui peut”. Yo arive bwile rap ye tè yon kamyon sèvis municipal komenn Gwo Mònn ak yon otobis “dignité”.

Comments are closed.