C-JILAP: Plis pase 240 moun pèdi vi yo nan vyolans panda 3 mwa

341

Pòtoprens___(TRiboLAND) Komisyon Epikospal Jistis ak Pè (C-JILAP) mete 2 men nan tèt nan dimansyon vyolans la ap grenpe anndan peyi a ki koz plis pase 240 moun ki mouri nan kapital la sèlman.

Vyolans fòs fè nwa yo anvlime sekirite a rèd mare anndan peyi a, espesyàlman nan kapital la. Proliferasyon gang nèg ame yo nan katye popilè yo ogmante pou la pli bèl. Tout vyolans sa yo demontre non sèlman feblès leta a, men egalman enpinite ak kriminalite kap vale teren, daprè C-JLAP ki estime mwa me 2020 an se yon mwa basen san kote ke robinè san an ouvè san rete avèk yon montan 44 mò.

Komisyon an egzòte Leta pou pran dispozisyon ki nesesè pou ekipe PNH la ak aparèy jidisyè ki kapab fasilite ankèt sou yon seri dosye tèt chaje sitou nan masak Lasalenn ak Maryani.

Comments are closed.