Federasyon Protestan nan peyi Dayiti deklare ke li pa rekonèt repewzantan sèktè a nan KEP konteste a

298

09\23\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Fédération Protestante d’Haiti kouri pran wout laprès jodi mèkredi 23 septanm 2020 an pou denonse yon swadizan reprezantan sèktè protestan an nan yon swa dizan strikti “Konsèy Elektoral Provizwa (KEP). Enstitisyon relijyez sa profite pou li dezaprouve egalman fòmasyon ak enstalasyon nouvo KEP la.

FPH di li pa rekonèt ki lè li te chita avèk gouvènman an pou yon chwa parèy; dayè kondisyon pou yon evantyèl patisipasyon sektè a nan KEP, te byen klè. Li fè tout popilasyon an konnen ke yo te kanpe sou kondisyon si tout fwa gouvènman an te asèpte fè retrè sou dekrè kod penal imoral la ki konteste sou tout tèritwa nasyonal la.

Federasyon protestan an ale pi lwen pou li raple ke li te reproche egzekitif la ki tap trese lèl pou divize sèktè a. Nan yon moman klima ensekirite ap vale teren, dirijan legliz la rekonèt ke kondisyon yo pa reyini pou yon evantyèl eleksyon. Okontrè reprezantan Kult refòme yo mande prezidan an resezi’l nan pran chemen “larezon” nan kad chèche yon konpromi ki kapab rezoud problèm: sosyo-ekonomik, politik, enjistis, ensekirite kap plonje peyi a pi plis toujou.

Comments are closed.