Etazini: plis pase 53,000 nouvo ka kowonaviris detekte an 24 è tan, yon nouvo rekò

288

(TRiboLAND) Epidemi Kovid-19 la pa sispann vale teren. omwens 53,069 nouvo enfeksyon Kovid-19 resanse nan peyi Etazini nan yon espas 24 èd tan, dapwè kontaj inivèsite Johns-Hopkins yè jedi 2 jwiyè a, yon nouvo rekò depi kòmansman pandemi an.

Antretan, 649 moun mouri anba kowonaviris sou tèritwa ameriken an sou menm peryòd la. Depi kòmansman kriz sanitè yo, peyi a resanse plis pase 2,7 milyon ka detekte e 128,677 mò.

Nan Tekzas, apeprè 8,000 nouvo ka resanse depi mèkredi, oblije gouvènè repibliken Tekzas la, Greg Abbott, yon akolit prezidan Donald Trump mete mas yon bagay obligatwa an piblik atravè Eta Sid ameriken an nan lavèy Fèt nasyonal 4 jwiyè.

Evènman tradisyonèl sa yo toujou mete anfaz sou reyinyon famiy ak gwo rasanbleman pou fe atifisyèl. Otorite yo pè pou propagasyon viris la ki an difikilte pou kontwole.

Comments are closed.