Jovenel anonse sèvis relijye yo ap reprann 12 jwiyè e eskolè yo 10 dawou prochen

302

Pòtoprens____(TRiboLAND) Aprè ke li te finn pouswiv konsiltasyon avèk otorite sanitè ak selil siyantifik la sou respè ou aplikasyon mezi baryè yo pou kriz kowonaviris a, prezidan Repiblik la anonse nan yon tweet jodi vandredi 3 jwiyè 2020 an ke sèvis relijye yo ki te sispann depi 19 mas pase akoz pandemi a, ap reprann apati 12 jwiyè kap vini la.

Sepandan, nan sa ki gen pou wè ak lòt aktivite tankou, lekòl, fòmasyon profesyonèl e inivèsite, antite sa yo ap operasyonèl apati 10 dawou prochen.

Konsa, presidan repiblik la envite tou sitwayen pou yo kontinye pratike tout konsiy sanitè yo yon fason pou gen kontwòl propagasyon kowonaviris la.

Comments are closed.