Etazini deplwaye yon gwo tonton flòt militè nan dlo sale Karaib la

0 439

Wachenntonn____(TRiboLAND) Apwè ke gouvènman ameriken fenn ofwi yon gwo magogo lajan ($15 milyon dola) pou moun ki arive pwosede ak arestasyon pwezidan Nicolas Maduro pou trafik dwòg an konplisite gereya FARC yo nan Kolonbi, jodi a Wachennton ta sanble detèmine pou pase yon lòt vitès pou rache rejim Venezwela a sou pouvwa a.

Konsa, peyi Etazini deplwaye yon enpozant operasyon militè nan dlo sale Karaib la avèk gwo tonton bato de gè, avyon legetè ak fòs espesyal tèrès. Flòt sa ap gen pou dirije l nan Sid lanmè Karaib tou pwè zònn kotyè peyi Venezwela. Se youn nan pi gwo tonton deplwaman ki pa janm fèt depi envazyon peyi Panama nan boske pwezidan Noriega ke yo te akize kòm nakotrafikan.

Deplwaman sa ki jwenn benediksyon plis pase 22 peyi kòkòday tankou Panama, Ayiti, Kolonbi, Kosta Rika, Gwatemala, Sen Lusi e Ondiras ki localize nan basen Karaib la.

Anpil analis ap kesyone “timing” deplwaman sa ki fèt nan yon moman kote ke Kovid-19 la ap fè ravaj nan peyi Etazini. Konsa, yo estime pwezidan Trump tou senpleman vle devye atansyon moun sou fason lap mal jere kris sanitè a. Paralèlman, lòt analis panse ke lokatè Kay Blanch lan ap chofe jarèt pou yon evantyèl re-eleksyon li nan mwa Novanm pwochen. Trump tou senpleman ap pase bè nan bouch ekzile Kiben ak Venezwelyen ki ken yon majoritè vot nan Eta Florid, dapwè sèten kòmantè.

Leave A Reply