Jovenel Moise ap fè buzz ak gaz pou koupe tèt yon lòt koulèv eksplwatè

410

Pòtopwens____(TRiboLAND) Leta ayisyen deklare lendi 22 jwen 2020 ke li pwal fè tout sa li kapab pou li vini avèk yon endis pwi petwòl la yon fason pou yo ka arive kase tèt defisi kwonik ki pa sispann anrejistre sou pwodwi petwolyè yo.

Dapwè pwezidan Jovenel Moise, sa gen 109 lane depwi ke Leta ayisyen pa konnen ezakteman endis reyèl pwi petwòl sou mache entènasyonal la; se je fèmen Leta te toujou ap achte pwodwi sa yo nan men enpòtatè abolotcho ki fikse pwi yo jan yo vle, lè yo vle e pwan gouvènman l la pou paswa kote ke yap lage degidon nan obsesyon pou vinn milyonè nan yon sèl jou.

Selon pwezidan an ki tap mande minis Ekonomi ak Finans lan, Michel Patrick Boisvert pou soumèt li plis esplikasyon sou mache petwòl la. Li estime ke sa gen anpil tan enpòtatè petwòl yo ap fè bè avèk yon benefis bab e moustache paske yap vann Leta ayisyen. Jovenel Moise deklare fòk pwatik sa eradike e dezòmè Leta pwàl jwe wòl regilatè! Chèf leta a te pwofite fè buzz sou kèk sufaktirasyon sispèk sou yon seri apèl dòf ant leta ak kèk konpayi pwive nan peryòd 2010 jiska 2020.

Dispozitif sa yo ki pwàl fasilite nouvo plafòm pwi a pwàl pèmèt Leta ratrape tout grabday li te pèdi, dapwè Michel Patrick Boisvert, ki estime ke yo poko nan pwen an; se yon batay ki long anpil. Konsa, pou mete pwi gaz la nan nivo nòmal li nan ponp yo, Leta ayisyen pèdi 75,84 goud sou yon galon gazolenn, 43,22 goud sou kewozenn nan e 39,74 goud sou galon dizèl.

Comments are closed.