Joverlain MOÏSE, pitit ansyen pwezidan Jovenel MOÏSE debake an chango nan Nò peyi a e enskri kòm elektè nan Twoudinò

13
0
Share:
TRiboLAND

11/05/2026

Kap Ayisyen, Ayiti_____(TRiboLAND) Joverlain MOÏSE, pitit gason ansyen prezidan asasine, Jovenel MOÏSE, enskri kòm elektè nan rejis elektoral la nan lekòl Nasyonal Gason ki twouve li nan Twoudinò, jounen Mekrèdi 4 Novanm 2026 la.

Nan moman li tap pran lapawoli devan yon latriye patizan ak senpatizan mouvman jovenelis la, Joverlain deklare ke li pa kandida; sepandan, li vle ranpli devwa sivik li kòm sitwayen. Nan sans sa, li ankouraje tout sitwayen pou ale enskri kòm elektè nan rejis elektoral la yon fason pou yo vote moun ki genyen menm ideyoloji ak visyon ke papa’l tap pwone a.

Joverlain ki te genyen yon foul moun ki te anvi tande li, mande jenès la pou fè pye sòl e antre men longè nan zafè politik peyi a yon fason pou yo enpoze pwezans yo sou tab desizyon an ak separasyon.

Li enpòtan pou konnen, Joverlain MOÏSE ta sanble fè yon vizit sanzatann anndan peyi Dayiti. Li te debake an chango nan ayewopò Entènasyonal Kap Ayisyen an, kote yo te resevwa li ak yon bèl jèb flè nan respè avèk anpil apwesyasyon atravè mizik dans bann rara. Pandan pasaj sila, Li te fè gwo chita tande anba tonèl avèk yon seri gwo potanta tankou ansyen senatè Wanique Pierre.

Share:

Leave a reply