Mèri Pòdpe ankouraje sitwayen yo patisipe nan transfòmasyon vil la

11/27/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Administrasyon kominal Pòdpe a, ki gen nan tèt li majistra Ralph Moreau, anonse yon seri mezi ak inisyativ k ap antre nan kad efò li pou amelyore aparans vil la epi pote plis òganizasyon nan espas piblik yo. Nan yon kominike Direksyon Jeneral Mèri a pibliye jou jedi 26 novanm 2026 la, administrasyon an lanse yon apèl bay popilasyon an pou l akonpaye demach k ap fèt yo, yon fason pou bay Pòdpe yon lòt vizaj epi mete vil la sou konplet mod operasyonèl.
Nan sans sa a, Mèri a fè konnen, apati lendi 30 novanm 2026, l ap pran mezi kont tout DJ ak moun k ap mete afich piblisite nan lari san otorizasyon administrasyon kominal la. Daprè kominike a, ki pote sinyati Jacques Alain Michaud, tout materyèl ki pa gen otorizasyon pou fè piblisite sou wout piblik yo ap sibi sezi. Desizyon sa a parèt kòm yon dispozisyon administrasyon an pran pou mete plis lòd nan itilizasyon espas piblik yo epi kontwole aktivite piblisite nan vil la.
Paralèlman, administrasyon kominal Pòdpe a konte sou bon kolaborasyon tout sitwayen pou reyisi objektif li yo. Li mande chak moun pote kontribisyon pa yo nan efò k ap fèt pou fè vil la vin pi bèl, pi byen òganize epi pi atiran. Administrasyon Ralph Moreau a fè konnen konstriksyon yon lòt Pòdpe pa kapab fèt san patisipasyon tout moun, paske chanjman dirab nan yon kominote mande angajman otorite yo ansanm ak sitwayen yo.






