Wout Tomasik pou antre nan Ench an malmaka e revòlte popilasyon an

1,296

07-01-2022

Ench, Ayiti_____(TRiboLAND) Wout Tomasik pou rantre nan vil Ench an malmakak e enpratikab akoz gro trou lawouli ki anvayi espas pou fasilite transpòtasyon piblik yo.

Sa fè lontan ke moun nan vil Tomasik ap enplore nan pye otorite yo kote Ministè Travo Piblik pou ta ede yo ak mizèrere wout mabyàl la; sepandan, Ti Mari pa monte Ti Mari pa desann.

Se konsa, sitiyasyon sa ta soti pou vire bonèt ansyen majistra vil Tomasik la Marino Etienne, nan tèt kole ak yon ansanm moun nan vil la ki menase pou yo bloke tout machin ata menm motosiklèt nan jou kap vini la yo.

Louity Saintilnor (Tiwil)

Comments are closed.