Dr. Victor Agbegnenou, envantè togolè ki kreye yon teknoloji afwikènn pou telekominikasyon

363

(TRiboLAND) Envantè togolè, li mete sou pye yo teknoloji telekominikasyon afwikènn ki trè efikas, trè pèfòman, fyab, e altènativ konparativman ak fib optik la ki koute tèt nèg. Teknoloji sa fasilite distribisyon sèvis telefònn, entènèt, ak videyo pou mezi lajan w san pwoblèm kab.

Teknoloji san fil sa li fonksyone laj bann e li koute mwens kòb depase pou deploye li nan yon tèritwa byen detèmine konparativman a lòt teknoloji ki deja egziste, konpatib avèk nenpòt ki kalite rezo. E parametraj pou aplikasyon ki pi sofistike posib tou!

Pou listwa, envantè afwiken an refize yon seri avantaj oubyen òf bò kote yon seri antite oksidantal ki enterese achte yon parèy teknoloji, men li pwefere resève li pou emansipasyon numerik kontinan Afwiken an. Dr Agbegnenou, ki se yon medsen veterinè, li titilè yon seri bwevè nan domènn medikal.

Mesye Viktor Agbegnenou pwefere devlope yon nouvo lanmou pou teknoloji enfòmasyon yon fason pou li jwenn solusyon ki pi adaptab ak bezwen telekominikasyon nan kontinan afwiken an e answit pi ekonomik nan monn lan kote ke distans nan nivo telekominikasyon ap ratresi de jou an jou.

Comments are closed.