TPTC ap miltiplye yon latriye chantye drenaj ak konstriksyon woutyè nan diferan zònn avwazinant Pòdpè

610

Pòdpè____(TRiboLAND) Avèk kantite travay ki antreprann nan divès kwen nan Pòdpè jounen jodi a, gouvènman Jovenel Moise la kapab fè men anpil bouch si tout fwa yo te toujou wè lakay gouvènman an yon iresponsablite fewòs.

Soti nan lokalite Obè pou antre nan pòtay byenveni site Kapwa Lamò a, se yon veritab chantye; machenn ou ekipman tout kalite TPTC yo fè kenken; va e vwyen e ak gwo mouvman dispozitif yon fason pou demare ak  konstwiksyon yon pòsyon nan twonson wout nasyonal sa nan Nòdwès. Rigòl ou kanalizasyon, rabouraj traktè, ekzibisyon backhoe loader fenn wè mò e yon bon pòsyon nan sikilasyon an paralyze.

Dapwè kontak rapòtè Marconi FM yo avèk responsab TPTC yo, yo nan obligasyon pou remèt twonson wout ki relye Andwo (lokalite rezidansyèl fanmiy pwemyè dam nan, Martine Moise) jiska nan antre vil Pòdpè a nan mwa septanm kap vini la. Kèk lòt sous endike tout akselerasyon sa yo gen pou wè avèk enstalasyon nouvo Monsenyè vil Pòdpè a kap ofisyèlman aktif 5 septanm pwochen. Konsa, anpil gran Toryan nan denominasyon Katolik la ap pote kole; yon posesyon kap konpoze divès pwèt, monsenyè ak Kadinal ap gen pou demare nan Mònn Dorima pou jis rive nan ansent Katedral Imakile Konsepsyon an.

Anfen, volum travay kap miltipliye nan divès zònn avwazinant vil pòdpè, pa kite moun andiferan. Travay drenaj nan Grigri tou pwè Karenaj deja ap fè moun je dou; kiraj basen vèsan yo nan Nan Aman ap bay payèt; travay drenaj nan Dewoulen, Nan Kasav, Labèl Plas parèt trè satisfè alòske drenaj ak krepisaj strikti kanalizasyon sou chan Avyasyon an kontinye ap vale teren. Moun ki ta sanse ap danse kole avèk pouvwa a, pa sispann fwape lestomak e bat gwo bwavo ki ta sanble yo pwèske delivwe “yon ti kras” pami katafal pwomès pwezidan an te fè nan kanpay li nan Nòdwès peyi.

Travay non-stop, lanwit kon lajounen, pou nou repete direktè TPTC a ki te apènn atake zònn Ti Fon, Obè ak Polen nan kad dinamize kapasite fòs pwodiksyon yo pou mete bout nan pwemye faz konstriksyon twonson wout nasyonal sa. Lokalite tankou Balade, Chansòlm pou rive jis Andwo pral konsidere destinasyon eskonte pwojè a.

Kidonk, fwa sa se pa buzz! Gouvènman Jovenel-Jouthe fè santi pwezans li atravè yon latriye chantye nan diferan zònn avwazinant vil Pòdpè nan jou sa yo. Yap travay kon Mèt Jan Jak san rete! Yon pwojè ke anpil moun ta swete wè ateri san woule’m debò!

Comments are closed.